-->

Nouvelles

mercredi 16 novembre 2022

Trump Di Li Vle Tounen Lamezonblanch

Trump Di Li Vle Tounen Lamezonblanch


Ansyen Prezidan Donald Trump anonse kandidati li a la prezidans pou ane 2024 depi Mar-a-Lago, Palm Beach, Florid, 15 Nov. 2022.

PALM BEACH, FL — 

Ansyen Prezidan Donald Trump lanse yon lòt kanpay a la prezidans Madi. Li pwomèt patizan li yo ke li pral "fè Etazini tounen yon gran peyi epi reprann glwa li ankò."


Trump anonse plan li ofisyèlman Madi swa apre li te fè alizyon a entansyon li menm anvan li te pati kite Lamezonblanch nan ane 2021.


Li te gen espwa jwi yon bourad apre viktwa Repibliken yo nan eleksyon mi-manda semèn pase a.


Sepandan olye de sa, gen anpil Repibliken kap kritike Trump pou move pèfòmans pati a nan eleksyon sa a. Anpil moun konsidere Gouvènè eta Florid la, Ron DeSantis kòm pi bon chans pati a genyen.


Si Trump ranpòte siksè kòm kandida a la prezidans pati Repibliken an, li tap sèlman deyèm prezidan nan listwa peyi Etazini ki fè 2 manda - men pa youn apre lòt.

Responsabilidade: Imagens, artigos ou vídeos que existem na web às vezes vêm de várias fontes de outras mídias. Os direitos autorais são de propriedade total da fonte. Se houver um problema com este assunto, você pode entrar em contato