-->

Nouvelles

jeudi 11 août 2022

Depatman Jistis Etazini ap Chache Rann Piblik Manda pou Fouye Kay Trump la

Depatman Jistis Etazini ap Chache Rann Piblik Manda pou Fouye Kay Trump la


 Minis Jistis Etazini Merrick Garland pale nan Depatman Jistis la, Jedi 11 Out, 2022.

WASHINGTON — 

Depatman Jistis la mande yon tribinal pou pibliye manda d'are FBI te resevwa anvan yo te fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump nan eta Florid la, dapre sa Minis Jistis Merrick Garland fe konnen Jedi.

Garland site "gwo entere piblik sou kestyon an" le li te anonse demann nan pandan yon konferans pou lapres Depatman Jistis la oganize vit e prese.

Garland di tou ke li te apwouve pesonèlman manda d'arè a ki te fè pati yon ankèt Depatman Jistis la ap pousuiv sou dekouvèt dokiman sekre Lamezonblanch lakay Trump la, Mar-a-Lago, nan vil Palm Beach, Florid pi bone ane sa a.


Demann sa a remakab paske d'abitid dokiman konsa konn rete sekrè pandan dewoulman ankèt la. Sepandan Depatman Jistis la sanble rekonèt silans li apre fouy la kreye yon espas pou atak vèbal anmè bo kote Trump ak alye li yo, e Garland te vle bay opinyon FBI la sou sak te debouche sou aksyon li poze a.


"Enterè klè e pwisan piblik la genyen pou konprann sak te pase anba sikonstans sa yo se yon bagay ki enfliyanse anpil demann pou rann dokiman an piblik" - se sa ki ekri nan dokiman depatman an remèt bay tribinal federal Miami a Jedi.


Si tribinal la akode demann nan - kounyea se jij la ki gen pou pran yon desizyon, e Trump ka opoze li - sa taka mete devan piblik la enfomasyon ki pa favorab sou ansyen prezidan an ak fason li te maltrete dokiman sekrè gouvènman an, nan moman lap pare pou poze kandidati li a la prezidans.


Pandan kanpay li te mennen an 2016 avèk siksè kont Hillary Clinton, li te lonje dwèt li souvan sou ankèt FBI te mennen kont rival Demokrat li a, Hillary Clinton, pou konnen si li te maltrete enfomasyon sekrè.


Li pa klè pou kounyea, konbyen enfomasyon ki ta fè pati dokiman yo rann piblik yo, ni si ta gen ladann affidavit FBI la ki te dekri detay ak fè li te bay kom rezon pou fouy la. Pou obteni yon manda pou fouye yon pwopriyete, otorite federal yo oblije pwouve devan yon jij ke gen ase prèv ki egziste pou kwè ke yon krim te komèt.


Ni Trump, ni FBI poko di anyen sou dokiman ke FBI pran nan rezidans la. Sepandan ansyen prezidan an plenyen anko Jedi pou fouy la.


Depi plizyè zane, Trump te kritike FBI la epi chache minnen konfyans piblik la, sitou patizan li yo genyen nan desizyon ajans la. Misye deklare manda a ak fouy la dewoule malgre li te kowopere ak Depatman Jistis la.


Nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal li a Truth, Trump deklare "avoka li yo ak reprezantan li tap kowopere konplètman" anvan fouy la e ke responsab gouvènman an "te ka genyen tout sa yo te vle, nempot kilè yo te vle, si yo te vle'l."


Politik ak règleman FBI ak Depatman Jistis la pran prekosyon pou pa diskite sou ankèt yap mennen, e pou pwoteje entegrite ankèt sa yo yo dwe evite lage vèni enjisteman sou yon moun yap envestige, men ke yo ka pa janm akize ofisyèlman. Se yon bagay ki aplike sitou pou manda kote gen dokiman tribinal ki apiye demann sa a men ke yo kenbe sekrè pandan dewoulman ankèt la.


Sepandan nan ka sa a, Garland site le fèt ke Trump limenm te premye moun ki te konfime fouy FBI la "e li gen dwa fè sa." Depatman Jistis la, nan nouvo dokiman li prezante devan tribinal la, di tou piblikasyon enfomasyon sou sa pap anpeche tribinal la fè travay li komsadwa.


Minis Garland deklare: "Anpil nan travay nou fè a, pa nesesite fèt an prive. Nou fè sa pou pwoteje dwa konstitisyonèl tout Ameriken epi pwoteje entegrite ankèt nou yo. Lwa federal, règleman depatman an ki egziste depi lontan, obligasyon nou o pwen'd vi etik, anpeche mwen bay plis detay sou rezon nou te fè fouy sa a pou kounyea."


Minis jistis la kondane atak vèbal moun fè kont FBI la ak anplwaye Depatman Jistis yo akoz fouy sa a. Gen kèk alye Repibliken Trump ki lanse apèl pou yo koupe finansman FBI la.


"Mwen pap ret chita an silans pandan moun ap atake enjisteman entegrite yo." Li dekri ajan yo kom "anplwaye leta ki "dedye a travay a misyon yo."

Responsabilidade: Imagens, artigos ou vídeos que existem na web às vezes vêm de várias fontes de outras mídias. Os direitos autorais são de propriedade total da fonte. Se houver um problema com este assunto, você pode entrar em contato