-->

Nouvelles

samedi 19 novembre 2022

G20 Kondane Lage Ikrèn nan

G20 Kondane Lage Ikrèn nan


 Prezidan Biden ak lide mondyal yo pandan yon rankont sou kote some G20 an nan Bali, Endonezi, 16 Nov. 2022.


Manm gwoup G20 an yo, ki se 20 pi gran ekonomi mondyal yo, mete fen nan somè yo a mèkredi ak yon deklarasyon fèm ki kondane lagè Ikrèn nan e ak yon avètisman ke konfli a mete abse sou klou nan yon ekonomi mondyal ki te deja frajil.


Nan deklarasyon pou fèmen somè a, lidè mondyal yo degaje yo denonse lagè a malgre te gen divizyon nan mitan gwoup la, ki gen pa sèlman LaRisi men tou peyi tankou LaChin ak End ki gen bon jan relasyon komèsyal ak Moskou e ki pa vle kritike gè a. Pifò manm yo kondane ak fòs lagè Ikrèn nan.


Lè yo di pifò manm yo, sa moutre gen divizyon nan mitan yo, konsa kominike a rekonèt « te gen opinyon ki diferan ak evalyasyon ki diferan » e ke G20 se pa yon rankont pou rezoud kesyon sekirite. Kan menm kominike a mande pou Federasyon Ris la kite Ikrèn san kondisyon.

Responsabilidade: Imagens, artigos ou vídeos que existem na web às vezes vêm de várias fontes de outras mídias. Os direitos autorais são de propriedade total da fonte. Se houver um problema com este assunto, você pode entrar em contato