-->

Nouvelles

jeudi 11 août 2022

Direktè FBI Denonse Menas li Resevwa Apre Desantdelye Kay Trump

Direktè FBI Denonse Menas li Resevwa Apre Desantdelye Kay Trump


 Direkte FBI Christopher Wray pale pandan yon konferans pou lapres, Mekredi 10 Out, 2022 nan vil Omaha, eta Nebraska.


Direktè FBI la gen pawòl piman bouk pou patizan Prezidan Donald Trump ki ap sèvi ak retorik vyolan apre desantdelye ajan yo fè lakay ansyen prezidan an nan Mar-a-Lago, ki se rezidans li nan Palm Beach, Florid.


Christopher Wray deklare gen menas kap sikile sou entènèt la kont ajan federal yo ak Depatman Jistis la ki "deplorab e danjre".


Wray di jounalis yo: "Mwen si ou ka apresye ke mwen paka di anyen sou fouy la. Mwen refere'w a depatman jistis la. Men sou kestyon menas yo - te'm di mwen toujou gen ke sote sou zak vyolans ak menas vyolans kont ajan federal yo. Se yon sije mwen diskite souvan - e menm isit la nan Nebraska se sou sa nou tap pale. Epi nan Ioiwa ak Ilinwa. Nempot ki menas ki fet kont ajan federal, gason ak fanm kap travay pou F BI deplorab e danjre."


Wray ajoute: "Vyolans kont la jistis se pa yon bon repons kèlkeswa moun ou ta fache avèl la."


Sou entènèt la ak rezo sosyal yo, ekstremis zèl dwat yo pibliye anpil menas e yo lanse yon apèl pou moun pran lèzam, apre Trump te anonse FBI tap fouye kay li Lendi. Pami mesaj sa yo te gen apèl pou asasinen ajan federal e menm Minis Jistis Etazini an, Merrick Garland.

Responsabilidade: Imagens, artigos ou vídeos que existem na web às vezes vêm de várias fontes de outras mídias. Os direitos autorais são de propriedade total da fonte. Se houver um problema com este assunto, você pode entrar em contato