-->

Nouvelles

samedi 19 novembre 2022

Kanada Enpoze Sanksyon kont Chèf Gang G9 Cherizier

Kanada Enpoze Sanksyon kont Chèf Gang G9 Cherizier


 Foto Achiv: Ansyen polisye Ayisyen Jimmy "Barbecue" Cherizier, chef kowalisyon gang G9 la.

Kanada enpoze sanksyon kont chèf gang G9 la, Jimmy Cherizier Lendi. Ministè Afè Etanje a site abi dwa moun li komet ki koze yon kriz imanite an Ayiti.


Aksyon Kanada pran kont Cherizier, lidè alyans gang Ayisyen yo bloke efektivman tout byen li ta genyen nan peyi Kanada, li anpeche misye vwayaje Kanada epi entèdi misye achte zam nan Kanada.


Ministè afè etranje a pibliye yon deklarasyon ki di: "Kanada gen rezon pou'l kwè endividi sa a patisipe nan aktivite ki menase lapè, sekirite ak stabilite Ayiti e ke li planifye, dirije oubyen komèt zak ki reprezante abi grav dwa moun."


Gang Ayisyen yo pran plis pouvwa depi asasina Prezidan Jovenel Moise an 2021. Premye Minis Ariel Henry gen anpil difikilte pou'l retabli lod nan peyi a.


Nouvo sanksyon Kanada yo vinn ajoute sou sanksyon ki nan rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini te adopte epi sa ke Etazini ak Kanada ansanm te anonse sa pa gen lontan e ki vite sispann transfè ilegal lajan ak zam an Ayiti pou benefisye gang kriminèl yo, dapre ministè afè etranje Kanadyen an.

Responsabilidade: Imagens, artigos ou vídeos que existem na web às vezes vêm de várias fontes de outras mídias. Os direitos autorais são de propriedade total da fonte. Se houver um problema com este assunto, você pode entrar em contato