-->

Nouvelles

jeudi 22 septembre 2022

Josep Borrell Di Inyon Ewòp Pral Kontinye Rejte Pwopagann Ris Ki fè Konprann Seyeral Pat Distribre nan Peyi Pòv yo

Josep Borrell Di Inyon Ewòp Pral Kontinye Rejte Pwopagann Ris Ki fè Konprann Seyeral Pat Distribre nan Peyi Pòv yo


 Josep Borrell


Chèf diplomasi Inyon Ewopeyen an deklare yo pral "kontinye rejte tout pwopagann Larisi".

Josep Borrell te fè deklarasyon sa yo pandan yon konferans pou laprès, kote li akize Moskou kom kwa lap pwopaje"fo nouvel". Borrell kontinye pou di li espere genyen "byento enfòmasyon konplè" sou pwopozisyon pou tabli yon misyon asistans militè Inyon Ewopeyen an nan Ikrèn.

Sou dosye sereyal la, li envite moun jete yon kou dey sou done yo, gade estatistik yo. Daprè li, 2/3 nan ekspòtasyon Ikrenyen yo te ale sou kontinan Afriken an , Mwayen Oryan ak l Azi.

Borrell di: "Kidonk, se pa vre sa Mesye Putin di, ke sereyal ki te ekspòte soti nan Ikrèn pat ale nan peyi ki gen pi gwo bezwen yo".

Responsabilidade: Imagens, artigos ou vídeos que existem na web às vezes vêm de várias fontes de outras mídias. Os direitos autorais são de propriedade total da fonte. Se houver um problema com este assunto, você pode entrar em contato