-->

Nouvelles

jeudi 22 septembre 2022

Nouvo PM Britanik la Montre Sipò Peyi l Pou Ikrèn

Nouvo PM Britanik la Montre Sipò Peyi l Pou Ikrèn

British Prime Minister Liz Truss makes a statement regarding the death of Queen Elizabeth II outside Downing Street in London, Sept. 8, 2022.


Premye Minis Britanik la Liz Truss pwomèt jodi Madi a pou l kenbe e menm ogmante sipò militè Grann Bretay pou Ikrèn an 2023, nan yon moman kote li pral fè premye vwayaj li aletranje kòm chèf gouvènman an, kote li pral patisipe nan Asanble Jeneral la nan Nasyonzini an.


Kèk èdtan apre antèman Rèn Elizabèt II fin chante, Liz Truss te pran vòl pou direksyon New York (Etazini), Reyinyon Asanble Jeneral la nan Nasyonzini sa se yon evènman ke li ta vle itilize pou repete angajman Wayòm Ini a anvè Ikrèn.


Nan nòt pou laprès ki te pibliye, li te endike ke peyi li gen entansyon matche ak, oswa menm depase, an 2023 2.3 milya liv esterling (2.6 milya ero) ki se lajan èd militè ke yo te pwomèt ane sa a.


Li te di, apre fòs Ikrenyen yo te reprann kek teritwa ke ris yo okipe apre yon operason kont-ofansif "Viktwa Ikrèn nan semèn ki sot pase yo se yon sous enspirasyon".


Li te ajoute: "Mesaj mwen bay pep Ikrenyen an se: Grand Bretay ap kontinye kanpe dwat dèyè ou pou chak etap nan wout la. Sekirite ou se sekirite nou. "

Responsabilidade: Imagens, artigos ou vídeos que existem na web às vezes vêm de várias fontes de outras mídias. Os direitos autorais são de propriedade total da fonte. Se houver um problema com este assunto, você pode entrar em contato