-->

Nouvelles

jeudi 22 septembre 2022

Responsab Lapolis Texas Louvri Ankèt sou Gouvènè Florid la Akoz Avyon Migran li Voye Martha's Vineyard

Responsab Lapolis Texas Louvri Ankèt sou Gouvènè Florid la Akoz Avyon Migran li Voye Martha's Vineyard


 Foto Achiv: Migran ki rive nan avyon gouvene Florid Ron DeSantis voye Martha's Vineyard kanpe bo kote sak yo devan legliz episkopal St. Andrews, Mekredi 14 Sept. 2022.


Yon responsab lapolis eta Texas ap mennen yon ankèt kriminèl sou 2 vol avyon ki te transpòte migran ale nan zile Martha's Vineyard. Se Gouvènè Florid, Ron DeSantis ki te oganize vòl sa yo.

Sepandan responsab lapolis awondisman Bexar, Javier Salazar pa presize Lendi ki lwa gouvènè a te vyole le li te mete 48 venezyelyen abò 2 avyon prive semen pase a, ki dekole nan San Antonio.

Responsab la ki se yon demokrat di anketè yo pale sèlman ak avoka ki reprezante kèk nan migran yo e li pa nomen okenn sispèk potansyèl ki ta kapab fè fas ak akizasyon lajistis.

Biwo DeSantis reponn pou di migran yo te gen plis posibilite pou ranpòte siksè nan eta Massachusetts.

Responsabilidade: Imagens, artigos ou vídeos que existem na web às vezes vêm de várias fontes de outras mídias. Os direitos autorais são de propriedade total da fonte. Se houver um problema com este assunto, você pode entrar em contato