-->

Nouvelles

jeudi 22 septembre 2022

Putin: Se pa Blòf, Larisi Pare pou Sèvi ak 'Tout Mwayen' pou 'Pwoteje' Tèt li, Pami yo Zam Nikleyè"

Putin: Se pa Blòf, Larisi Pare pou Sèvi ak 'Tout Mwayen' pou 'Pwoteje' Tèt li, Pami yo Zam Nikleyè"


 Vladimir Putin


Prezidan Ris Vladimir Putin te avèti nan Mèkredi ke peyil Larisi pare pou sèvi ak "tout mwayen defans li yo" pami yo zam nikleyè, pou "pwoteje" tèt li,


Li te kontinye poul di: "Se pa yon blòf". Prezidan Ris la lanse avètisman sa, apre li te akize peyi Oksidantal yo deske y ap chache "detwi" Larisi.


Putin deklare "Mwen vle fè ou sonje ke peyi nou gen plizyè zam fann fwa tou. E zam pa nou yo pi modèn pase pa peyi Òganizasyon Trete Atlantik Nò yo. Si gen yon menas kont entegrite teritoryal peyi nou, nou gen dwa pwoteje pèp Ris la, e nou pral sètènman sèvi ak tout mwayen ki a la dispozisyon nou".

Responsabilidade: Imagens, artigos ou vídeos que existem na web às vezes vêm de várias fontes de outras mídias. Os direitos autorais são de propriedade total da fonte. Se houver um problema com este assunto, você pode entrar em contato